Steves J. Bryan - Kouwòn Feat. Fantom

Seves J. Bryan - Kouwòn Feat. Fantom Prod. By Priiceless Beatz
Mixed Mastered By Yohann Dore Vid By Benjy Art

#rapkreyol #haitianrapper #mizikayisyen

Available on Every Platform get it Now


Follow Steves J. Bryan
Site :https://stevesjbryan.com/
facebook : https://www.facebook.com/stevesjbryan
Twitter : https://twitter.com/stevesjbryan
Instagram : https://www.instagram.com/stevesjbryan/
tiktok :https://www.tiktok.com/@stevesjbryan?lang=en
spotify : https://open.spotify.com/artist/0msMKt1MqNAHSRHPDXdZ1E

For Booking
booking@stevesjbryan.com

Se pa San rezon Bondye met tet ou pi wo ke pyew, se paske vizyon ap tuju dirijew, si pandan map pase ou santim krazew se paske w’ak yon fos ki pi gran pasew

Eyy yo Patrice, neg yo pa pre non

And this is Steves J Bryan

Non mpa pè (non mpa pè) mgen Kouwòn nan,
Lèm gad anlè (lèm gad anlè) se papam ki sou tròn nan an, (papa GOD)
Neg yo sou gè è, men deye mòn gen mòn nan,
E yo’k pou pè è m’a GOD la mpa pou kò’m non ( non mpa pou kòm eyyy)


Si’m baw aksè pou’w ret nan vim se pouw k ajoute ladann,
Men si tout fwa’w ta vle soti pa panse mpedi anyen ladann,
Sak real ap tuju rete depi li fake lap disparet,
Lajan tuju met divizyon kote’k gen kè ki pa onèt,
Lap tuju fasil pouw bliye lew pa gen don pou rekonèt,
On bon zanmi ap konn bri kèw san’l pa menm ofriw sigaret,
Wap kache dèyè saw posede pouw bay tet ou yon lot tit,
met degize Chen an cheval li pap janm bourik
M’te di’n sa deja kote’n we’m ye a se pa nou’k metem,
Fòs k’avem lan tre indetounab pa pansew k wete’m,
Pran pòz nou pap gade’m pandan nap veye chak grenn pam,
Pran pòz nou pap tande’m nap memorize chak grenn bam,
Si’m diw ke mpat aprann de ou konnen m’engra,
Men kòm mwen pa menm Jan avew kite’m fonw remercier w pou sa,
Pa tann Kouwòn pouw ka diw wa pa tann lajan pouw ka diw boss,
M’konnen m avanw se Sak fe map toujou on fòs,



Non mpa pè (non mpa pè) mgen Kouwòn nan,
Lèm gad anlè (lèm gad anlè) se papam ki sou tròn nan an, (papa GOD)
Neg yo sou gè è, men deye mòn gen mòn nan,
E yo’k pou pè è m’a GOD la mpa pou kò’m non ( non mpa pou kòm eyyy)


(Yoo se dwa’m )
Ou gran timoun ou konn li ou ka we kote’k make danje,
Kòt aranje siw sonje valè lot MC mte bay konje,
Ak de twa tap m’donte sak te gen foli fronte, mwen monte le’m vle, janm vle nivo rap la mwen ka monte,
Gelew tande ou pa aprann konprann yo pap pranm nan kou pa konprann,
Sanzatann mfe saw pat atann, lem pral drop menm ou pap ka tann,
Ak sapatann bay rap kan kabanm, filibe kap mete pou grann, kunia la ou bezwen pran dann, Fantom pefòmè kou zlatann,
Rap la sot ba bò zotey mwen poul rive wo bò zorey mwen,
Lè map gen poum ale lap kouche dwat nan eskeu mwen,
Avel m’fòje rey mwen li toujou met nan kòbey mwen ,
Li fè’m kanp’an gason li fè resoti ogey mwen,
Yo Steves J m’anlè map siveyew ou met ouvè kow janw vle,
Tout fwa neg yo ta vlem met dife san ezite rele ponpye,
E si tout fwaw ta gen yon perez met jenouw ‘tè rele papa,
Se mwen ki ka fè e defè mwenk ka defann ou nan konbat rap la




Non mpa pè (non mpa pè) mgen Kouwòn nan,
Lèm gad anlè (lèm gad anlè) se papam ki sou tròn nan an, (papa GOD)
Neg yo sou gè è, men deye mòn gen mòn nan,
E yo’k pou pè è m’a GOD la mpa pou kò’m non ( non mpa pou kòm eyyy)

Comments

  • ×